POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 2 out 2011  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL PREZANTE REKÒMANDASYON BIDJÈ BAY KOMISYON EDIKASYON ETA A

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral prezante rekòmandasyon bay Komisyon Edikasyon Florid nan reyinyon Komisyon an ap fè maten an nan Tampa.  Carvalho te youn nan yon ti gwoup prezantatè Komisyon an te envite pou prezante ide inovatif pou bay finansman ki sifizan pou edikasyon soti nan klas jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè nan tout eta a ane pwochen.  Opòtinite san presedan sa a pèmèt Carvalho eksprime bezwen finansman pou gwo distri lekòl iben tankou Miami-Dade. 

Videyo difizyon reyinyon an disponib nan www.fldoe.org/board/meetings.

 

###

11/JJS/132/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès