POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 out 2011          

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

INTERNATIONAL STUDIES PREPARATORY ACADEMY (ISPA) (AKADEMI PREPARATWA POU ETID ENTÈNASYONAL) NAN GABLES PRAL FÈ ORYANTASYON/JOUNEN VIZIT

KIYÈS: 

Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County, anplwaye ISPA, elèv, paran ak sitwayen ki enterese

KISA:

Oryantasyon/Jounen Vizit Akademi Preparatwa pou Etid Entènasyonal nan Gables

KILÈ: 

Madi 9 out 2011
6:00 – 8:00 diswa

KI KOTE: 

International Studies Preparatory Academy at Gables, Cafeteria
1570 Madruga Avenue
Coral Gables, Florida 33146    

POUKISA:

Akademi Preparatwa pou Etid Entènasyonal nan Gables pral ouvè lokal dènye kri li a 22 out 2011 pou elèv 9yèm ak 10yèm ane eskolè pou ane  lekòl 2011-2012 la.  Anplis etid sijè debaz ann Anglè, elèv yo ap resevwa jiska twazèdtan enstriksyon nan lang yo chwazi a: Fransè, Italyen, oubyen Espayòl.  Elèv ka pousuiv etid yo nan literati, istwa, ak jewografi yo anseye nan lang yo chwazi a, e yo ankouraje yo travay nan nivo ki pi wo yo nan kou “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) yo anseye ann Anglè.

 

 

# # #

11-JJS/133/DF/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès