POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 out 2011  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP CHÈCHE PWOFESÈ KI GEN ‘RIGHT STUFF’ (KALIFIKASYON Y AP CHÈCHE) A PAMI ANPLWAYE NAVÈT NASA YO

Avèk retrèt Pwogram “Space Shuttle” (Navèt Espasyal) la ki rive dènyèman, Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè kontak avèk 1,900 syantis nan zòn “Space Coast” la ki petèt ap chèche nouvo karyè.

Pi bonè nan ane sa a, yo te fè yon sondaj pou detèmine si gen yon enterè pami syantis yo pou yo jwenn sètifikasyon pou anseye kou Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik (STEM).  Apwoksimativman 100 syantis te montre yo enterese.

Nouvo lekòl magnèt tankou José Martí MAST 6yèm rive 12yèm ane eskolè, yon nouvo lekòl mwayen/segondè ki baze sou Syans ak Matematik, ki ap chèche moun ki trè kalifye nan domèn Matematik ak Syans, kapab benefisye de syantis sa yo. 

 

###

11-JS/134/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès