|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 out 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN CARVALHO ANONSE NOUVO PWOGRAM ENTERESAN
POU ANE LEKÒL 2011-2012
MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te pataje nouvo seri pwodui pou Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la jodi a. Nouvo pwogram yo reprezante yon liy pwodui konpreyansif pou anrichi e amelyore edikasyon elèv, fanmi, anplwaye distri lekòl la ak kominote a.
Sipèentandan Carvalho di, “Sa pral lansman nouvo pwodui ki pi dinamik pou nenpòt distri lekòl nan peyi a.”
Pwogram yo gen ladan:
- “Schools 21st Century Banking Transformation Initiative” (Inisyativ Lekòl pou Transfòmasyon Bankè 21yèm Syèk) pou fasilite toude, tretman done sou Entènèt e san Entènèt.
- De Nouvo Akademi Otis – South Dade Middle Autism Academy ak Homestead Senior High School Autism Academy
- “Braman Automative Training Center” (Sant Fòmasyon Mekanik Braman), yon pwogram dènye kri pou elèv ki gradye nan Lekòl Leta Miami-Dade County
- “Bridges to Tomorrow” (Pon pou Lavni), ki bay elèv ki gen bezwen espesyal yon opòtinite pou fè estaj ak eksperyans pratik pou travay
- “M-DCPS Children’s Wellness Center” (Sant Byennèt pou Timoun Lekòl Leta Miami-Dade County), yon patenarya avèk inivèsite lokal e Lopital Kominotè Larkin pou ofri sèvis konplè sou sante
- Klinik Medikal nan Lekòl Segondè Miami Jackson, yon sant premye swen ak byennèt pou anplwaye ki gen asirans
- “The District Charter School Management Organization (DCMO)” (Òganizasyon Jesyon Lekòl “Charter” Distri a) ofri sèvis administratif e fonksyonèl pou lekòl “charter”
- “Employee Service Center” (Sant Sèvis pou Anplwaye), yon sant acha miltip pou sèvis resous imèn.
- “Everybody Mentors” (Tout moun ap Bay Konsèy), ki rekrite volontè adilt pou konseye elèv ki an danje
- “Enhancing Exceptional Student Education and Learning (EXSEL) Hub” (Sant Amelyorasyon Edikasyon ak Enstriksyon Elèv Eksepsyonèl) se yon sant rechèch ak edikasyon ki sèvi elèv ki gen bezwen espesyal tankou elèv ak “Autism Spectrum Disorder,” ADHD e/oubyen endikap nan konpòtman elèv e fanmi yo
- “Grad Nation Project”, yon modèl aprantisaj ki melanje enstriksyon sou Entènèt ak fas a fas
- Ekspansyon “Health Connect in Our Schools (HCiOS)”
- Sant Tibebe ak Timoun Piti, yon modèl pwogram swen pou pitit anplwaye ak kominote a
- Pwogram anndan lekòl pou elèv klas jadendanfan rive 8yèm ane eskolè
- “Links to Learning 2.0” (Lyen pou Aprann 2.0) ofri Zouti Dijital sou Entènèt pou kontinye enstriksyon apre jounen lekòl tradisyonèl la
- “M-DCPS e-Campus” (Kanpous elektwonik Lekòl Leta Miami-Dade), ofri pwofesè aksè a materyèl enstriksyonèl sou Entènèt
- “Online Merit Marks”, yon mekanis sistèm merit ki pèmèt direktè rekonèt anplwaye
- Dizuit (18) nouvo pwogram lekòl magnèt nan 17 lekòl, ki gen ladan Akademi Cambridge, Pwogram Etidyan, Syans ak Teknoloji, Etid Jiridik ak Medsin Legal e Ar ak Syans Imèn. Distri a ap ofri estrikti premye nivo 6yèm a 12yèm ane eskolè nan de lekòl.
- “Peer to Peer” (Kamarad a Kamarad), yon pwogram konseye an pèsòn e sou Entènèt pou elèv ki an danje
- Peman ki baze sou Pèfòmans Pwofesè
- Pwojè Patenarya pou “Children’s Health, Education, and Economic Resources (CHEER)” (Sante, Edikasyon, ak Resous Ekonomik Timoun) pou òganize livrezon sèvis sante, edikasyon, sèvis sosyal ak sipò ekonomik
- “Retired Senior Volunteer Program (RSVP)” (Pwogram Volontè pou Moun Aje ki Retrete)
- Ekspansyon Sant Siksè Elèv Lekòl Segondè, yon pwogram pou elèv ki depase laj lekòl mwayen
- “Teach for America (TFA) Lead School” (Lekòl ki Antèt Ansèyman pou Amerik), yon lekòl ki fèt ak pwofesè TFA, ki se gradye kolèj ki pèfòme wo ki soti nan inivèsite deklas
###
11-JJS/135/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |