POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 16 out 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“BACK-TO-SCHOOL TOOL KIT” (PAKE ENFÒMASYON SOU OUVÈTI LEKÒL) 2011-2012 NAN M-DCPS SOU ENTÈNÈT KOUNYE A

MIAMI – Pake enfòmasyon sou ouvèti Lekòl 2011-2012 nan Lekòl Leta Miami-Dade County disponib sou Entènèt kounye a pou paran ak elèv.

Yo te kreye pake enfòmasyon an pou enfòme paran konsènan divès pwogram ki sipòte bezwen elèv.  Elèv yo kapab pwofite de enfòmasyon y ap jwenn nan pake sa a, e paran kapab sèvi avèk li tou pou chèche enfòmasyon sou dat enpòtan ak règ sou edikasyon pitit yo.

Pake enfòmasyon an gen enfòmasyon kle sou sijè, soti sou lekòl chwa atravè anwòlman doub, demand pou gradye, rive sou patisipasyon paran ak sekirite nan lekòl.  Pake enfòmasyon an disponib ann Anglè, Kreyòl Ayisyen, ak Espayòl.

Silvouplè vizite http://news.dadeschools.net/toolkit1112.html pou enfòmasyon ann Anglè, http://news.dadeschools.net/toolkit1112span.html pou enfòmasyon an Espayòl ak http://news.dadeschools.net/toolkit1112cr.html pou enfòmasyon an Kreyòl Ayisyen.

 

###

11-JJS/139/MF/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès