|
SIPÈENTANDAN CARVALHO PATAJE VIZYON LI POU ANE LEKÒL KI AP VINI AN; GADE LI SOU PAJ ENTÈNÈT DISTRI A MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te rankontre ak lidè lekòl ak kominote a yè nan Lekòl Mwayen Miami Edison, pou pataje vizyon li pou ane lekòl k ap vini an. Carvalho di, "Okenn antite, okenn enstitisyon, okenn fòs pa rasanble tout Miami ansanm ak plis konsistan, e plis siyifikasyon, oubyen ak pi gwo konsekans pase sistèm lekòl nou an."... "Nou se pwen komen kote moun divès sitiyasyon, kwayans, abilite ak rèv rankontre sou wout pou yon demen meyè. E li kòmanse jodi a." Nan Diskou Ouvèti Lekòl la yo te prezante seleksyon mizikal elèv, yon gwoup dyaz anplwaye, salitasyon Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, ak remak Prezidan Konsèy PTA/PTSA Miami-Dade County Carolyn Nelson-Goedert e Francisco R. Walker Pwofesè pou Ane 2012 la nan Miami-Dade County, Agustin Grana.
### 11-JJS/140/DF/SD
|