POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 24 out 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LI PLIS PASE YON SENP NÒT: M-DCPS ASOSYE AVÈK KÈK KONPAYI LOKAL POU OFRI YON PWOGRAM ESTAJ KI GEN SIKSÈ

Miami, FL – Ete sa a, plis pase 300 elèv lekòl segondè te patisipe nan yon pwogram estaj ete nan divès konpayi ki reprezante ospitalite ak touris, jeni, enfòmatik ak finans.  Menm avèk resesyon ekonomik la, kominote biznis Miami an (152 konpayi) te montre sipò li pou pwogram nan ak elèv li yo avèk yon ogmantasyon 46% nan kantite estaj ki peye.

Lè yo mande anplwayè yo kisa yo te pi renmen nan pwogram nan: Jean Orta, Manadjè Resous Imèn, Greater Miami Convention and Visitors Bureau, reponn, “Opòtinite pou mwen wè de jèn elèv tèlman anvi aprann, responsab, ponktyèl e sansib pou bezwen travay lòt moun.  Mwen swete rete an kontak ak yo nan ane k ap vini yo.”  Anthony Greenwood, Sr., Pwopriyetè, McDonalds Restaurants, ajoute, “Pwogram estaj la se yon siksè paske elèv yo aplike sa yo aprann nan akademi an nan travay sou pwojè ki nesesè yo ba yo fè nan konpayi a.”

Elèv yo apresye opòtinite sa a yo ba yo.  Amedeus Huff, yon elèv nan Lekòl Segondè Miami Beach ki te fini estaj li nan Sherlock Technology Staffing di, “Estaj la ofri elèv yo eksperyans travay nan domèn yo dezire pou wè si se sa yo reyèlman vle pousuiv.  Li pèmèt elèv yo tou pou yo pase yon ete pwodiktif pandan y ap fè lajan alafwa.”  Adrian Abadie, yon elèv nan Lekòl Segondè North Miami te fè estaj nan Odebrecht Construction e li di, “Fòs estaj la sèke li ban mwen aspè reyèl lavi sou kòman jesyon konstriksyon ye reyèlman.” Laysu Borges ki nan Lekòl Segondè Hialeah Gardens endike, “Estaj la fè elèv yo pi enplike nan etik travay ak sou pwojè.”  Yon gradye nan akademi ki kounye a sipèvizè estaj nan Best Western Atlantic Resort kòmante, “Mèsi pou opòtinite ou ban mwen pou m fè yon estaj.  Li dire sèt ane e l ap kontinye ogmante!”

Ekstansyon anviwònman enstriksyon an pèmèt elèv yo wè ak pwòp zye yo koneksyon ant sa yo aprann nan lekòl e nan mond biznis la.  Elèv devlope ladrès pwofesyonèl, amou pwòp, e benefisye de kantite diferan aspè nan mond biznis la.

“National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) se yon rezo nasyonal akademi karyè.  Kounye a, genyen 46 akademi karyè NAF nan 26 lekòl segondè anndan Lekòl Leta Miami-Dade County.  Pwogram sa yo fonksyone anba kontwòl biwo Lekòl Chwa ak Opsyon Paran.  M-DCPS fyè pou l gen de sou sèt lekòl yo deziyen nasyonalman kòm akademi “Distinge”.

Nan foto a de goch a dwat: David Carballosa, Entèn; Jean Orta, Manadjè Resous Imèn, GMCVB; Laysu Borges, Entèn

 

 

Nan foto a de goch a dwat: Anthony Greenwood, Jr.-Direktè Fonksyònman; Anthony Greenwood, Sr.-Prezidan/Pwopriyetè, Restoran McDonald; Pedro Garcia, Direktè Rejyonal Fonksyònman Kòporasyon McDonald’s nan Sid Florid; Carlos Solórzano, Manadjè
Sèvis Teknik, Kòporasyon McDonald’s; Anthony Perez, Entèn; Jennifer Menjivar, Entèn; ak Ben Abrishami, Konsiltan Biznis

Nan foto a de goch a dwat: Francheska Salguero, Entèn; Brian Sheinblum, Sipèvizè-Carlton Hotel; Jose Salyrosas, Entèn

Amadeus Huff, Entèn nan Sherlock Technology Staffing

 

 

 

###

11-JJS/143 /RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès