|
“SCHOOL FOR ADVANCED STUDIES” PRAL FÈ DE SESYON ENFÒMASYON 24 SEPTANM 2011 POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ KI ENTERESE ANTRE NAN KOLÈJ BONÈ “School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè a plentan, anwòlman doub, yo rekonèt nasyonalman, ap fè sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 24 septanm pou ane lekòl 2012-2013 la, nan de kanpous “Miami-Dade College (MDC)” (Kolèj Miami-Dade): Kendall Campus, 11011 S.W. 104th St. a 9è dimaten nan Jimnazyòm nan; e Homestead Campus, 500 College Terrace, a 1è nan aprèmidi nan chanm F222. Nou envite tout elèv Distri a ki gen yon mwayèn jeneral 3.0 pou yo vin aplike, e yo ka ale nan 11yèm ane eskolè si yo pase Egzamen Plasman nan Kolèj yo bay nan MDC. Seleksyon elèv yo depann sèlman de nan ki lòd aplikan yo satisfè kritè yo etabli yo. Anwolman yo limite. Chak semès, elèv anwole nan yon minimòm twa kou kolèj anwolman doub pwofesè MDC anseye e kat kou lekòl segondè, pwofesè SAS anseye. Tout kou lekòl segondè yo se kou Plasman Avanse eksepte pre-kalkil ak rechèch. Elèv yo resevwa ekolaj ak frè gratis, liv gratis, e, si yo elijib, transpòtasyon nan otobis lekòl ak “Metrorail” Lekòl Leta Miami-Dade County finanse. SAS lokalize nan kat kanpous MDC: Homestead, Kendall, Nò ak Wolfson. Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, rele 305-237-0510 oubyen vizite paj Entènèt SAS: http://sas.dadeschools.net.
### 11/JJS/144/DF/CM
|