|
DEPATMAN MANJE AK NITRISYON M-DCPS AP SELEBRE SIKSỀ MIAMI – De dènye ane yo ranpli ak akonplisman remakab pou Depatman Manje ak Nitrisyon Lekòl Leta Miami-Dade County. Byen bonè ane sa a, “School Nutrition Association (SNA)” (Asosyasyon Nitrisyon Lekòl) te rekonèt Depatman Manje ak Nitrisyon an kòm Distri ak Distenksyon Ekselan nan Nitrisyon Lekòl. Distenksyon prestijye sa a rekonèt distri lekòl ki resevwa 80 pousan oubyen plis nan nòt evalyasyon pèsonèl yo nan tout kat domèn “kle” nan pwogram “Keys to Excellence” (Kle pou Ekselans la). Gwo nòt sa a demontre konesans ak aplikasyon meyè pratik nasyonal nan nitrisyon ak edikasyon sou nitrisyon, kominikasyon ak maketing, administrasyon, ak operasyon. Anplis, karant lekòl leta Miami-Dade te resevwa Alyans Nasyonal pou yon Jenerasyon ki pi An sante, Asosyasyon Ameriken Maladi Kè ak Fondasyon William J. Clinton te fonde akoz yo transfòme kanpous yo kòm kote ki pi an sante pou elèv ak anplwaye. Gayan yo te pami 274 lekòl pami plis pase 30 eta Prezidan Bill Clinton te onore nan Fowòm Lekòl ki An Sante nan Little Rock, Ark. Premye Dam Michelle Obama te lanse inisyativ ba salad “Let’s Move!” (Ann Bouje!) li a nan Lekòl Elemantè Riverside. Inisyativ la ap mete ba salad nan 6,000 lekòl atravè peyi a. Premye Dam nan te diskite chwa manje an sante avèk elèv yo e li te rankontre ak chèf selèb nan zòn nan ak Patnè Chèf distri a Kris Wessel, Michelle Bernstein, Michael Schwartz, Frank Jeannetti ak Ken Lyon. Depatman Manje ak Nitrisyon rapòte yon sipli $15 milyon nan bidjè li ane sa a. Sipli a rive plis akoz kontwòl sou depans tankou rediksyon nan anplwaye ak nan acha. Ogmantasyon nan patisipasyon repa-midi gratis ak nan pri redui te kontribye tou nan sipli a. Angajman M-DCPS pou l konbat obezite ak pwomote manje e estil lavi an sante Kòmanse depi 2005 lè distri lekòl la te diminye grès nan meni repa-midi li a. Nouvo meni Depatman Manje ak Nitrisyon Distri a an règ avèk objektif estratejik Distri a pou li amelyore sante elèv kòm yon eleman enpòtan pou asire yo akonpli estanda akademik ki wo. Yo te ofri manje ki ba nan grès ak kalori nan kafeterya yo e yo te retire soda nan machin vandè yo.
### 11-JJS/149/DF/RL
|