|
3YÈM TOUNWA GÒF ANYÈL “HIT THE GREEN” POU EDIKASYON MIAMI- Fondasyon Nouvo Inisyativ pou Edikasyon, Inc. ap prezante twazyèm tounwa gòf anyèl li a “Hit The Green For Education” (Ale Sou Teren an pou Edikasyon), ap envite w pou vin mete ansanm ak Sipèentandan Alberto M. Carvalho nan sipòte pwogram inovatif pou elèv Lekòl Leta Miami-Dade County. Evènman amizan sa a ap fèt 18 oktòb 2011, kòmanse a 8è dimaten nan Doral Resort & Spa, ki lokalize nan 4400 NW 87th Avenue, Miami, Florida 33178. Enskripsyon an ap ouvè a 7è dimaten. Ane sa a, yo redui pri yo pou patisipan ak patwonè. Yon pri espesyal pou yon gwoup kat moun gen ladan antrènman san limit, soti a 7è dimaten pou lè jwèt la kòmanse a 8è dimaten, dejene kontinantal, chemizèt, sèvyèt, boul gòf ak sak e prim gratis. Tout gofè ap resevwa repa midi konplimantè e sak kado. Patwonè Tit la Rick Case Automotive Group ap ofri yon opòtinite pou genyen youn nan senk vwati Rick Case pou lage boul la nan twou a apre yonsèl esè. Vin mete ansanm ak kantite patwonè, ak patisipan yo nan jounen anchènman an pou yon bon kòz. Pou plis enfòmasyon sou opòtinite pou fè patwonè, frè e enskripsyon gòfè, silvouplè rele 305-995-1756.
### 11-JJS/150/MF/CF
|