POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 septanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ SOUTH MIAMI HEIGHTS AP RESEVWA DONASYON SACHÈ REPA-MIDI, SAK LEKÒL NAN MEN ASOSYASYON VIL MIAMI-DADE COUNTY,
8 SEPTANM

Elèv ki soti nan Lekòl Elemantè South Miami Heights ap resevwa yon kado jenere nan men “Miami-Dade County League of Cities (MDCLC)” (Asosyasyon Vil Miami-Dade County) pandan distribisyon sak lekòl ak repa-midi nan Premye Retou Lekòl Anyèl li a jedi 8 septanm a 11è dimaten.  Evènman an ap fèt nan sant medya lekòl la ki lokalize nan 12231 S.W. 190th Terrace, Miami.

Manm MDCLC yo entwodui kanpay sa a pou bay asistans a elèv ki an nesesite nan kominote Miami-Dade la.  Yo te kolekte apwoksimativman 282 sachè repa-midi ak 94 sak lekòl.

Prezidan MDCLC a, Majistra Doral Juan Carlos Bermudez, ak manm komisyon egzekitif la, pral patisipe nan evènman sa a.

 

 

###

11-JS/151/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès