POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 7 septanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

INISYATIV EGALITE EKONONIK AK RESPONSABILIZASYON M-DCPS BAY M/WBE AK VANDÈ LOKAL YO PLIS OPÒTINITE

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse yon nouvo inisyativ biznis pou reponsabilize “minority and women-owned business enterprises (M/WBEs)” (antrepriz biznis minoritè ak sa ki se pwopriyetè fanm) ak pwopriyetè biznis lokal e ba yo pi plis opòtinite pou siksè ekonomik atravè yon relasyon biznis ak distri lekòl la. Pwomouvwa kwasans ak devlopman biznis, pandan yo ap kreye yon estimilan ekonomik pou kominote a ki pa akable moun k ap peye taks, se objektif ki dèyè inisyativ sa a. 
 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Genyen yon lyen puisan ant edikasyon, opòtinite ak siksè ekonomik… Nou fè gwo pa nan rafine pwosesis ak demach acha nou yo pou bay chak segman biznis kominotè, espesyalman antrepriz minoritè ak sa ki se pwopriyetè fanm ak vandè lokal, yon opòtinite pou antre nan konpetisyon pou fè biznis ak distri lekòl la. Sa ap fè yon gwo efè sou ekonomi lokal la e l ap ede nan mennen devlopman ekonomik isit la menm nan kominote nou an.”
 
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Gen lontan depi Komisyon Konsèy Lekòl la se chanpyon nan bay chak moun nan kominote nou an opòtinite… Aksyon Komisyon Konsèy la jodi a pral asire pwopriyetè biznis lokal nou yo jwenn opòtinite pou travay avèk distri lekòl la, konsa ya kenbe dola lokal yo isit kote yo tèlman bezwen yo.”
 
M-DCPS pran angajman pou l jwenn fason pou bay M/WBE yo ak pwopriyetè biznis lokal yo plis aksè a opòtinite konpetitif nan distri lekòl la, konsa yo ap antrene pwosperite ekonomik ak kreyasyon travay nan zòn nan.
 
Manm Komisyon Konsèy Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall di, “ogmantasyon nan patisipasyon biznis minoritè ak fanm nan pwosesis acha distri lekòl nou an se yon kesyon ki kritik”.
 
Manm Komisyon Konsèy Renier Diaz de la Portilla di, “Mwen kontan jwenn sipò kolèg
mwen yo nan etablisman yon règ preferans pou vandè lokal nan distri lekòl nou an. Règ konsa sipòte biznis lokal e revitalize ekonomi lokal nou an – sa se yon bon bagay”.
Aktyèlman genyen de eleman nan Inisyativ Egalite Ekonomik ak Responsabilizasyon distri a ki adrese preferans pou antrepriz biznis minoritè/fanm ak vandè lokal.
 
Antrepriz Biznis Minoritè/Fanm

Nouvò règ distri a ki gen rapò ak M/WBE yo bese konsiderableman nivo estimasyon ekri yo mande pou acha nan lekòl yo. Anba nouvo règ la, acha $1,000 oubyen plis, men ki mwens pase $50,000, mande yon minimòm twa estimasyon ekri nan men vandè e omwen yon estimasyon dwe soti nan men yon vandè M/WBE ki sètifye. Anplis règ la pwomouvwa tou egalite nan opòtinite ekonomik pou M/WBE yo e elimine baryè ki anpeche yo patisipe nan opòtinite biznis distri a.
 
 
Preferans pou Vandè Lokal

Pwopozisyon règ Komisyon Konsèy ki gen rapò ak preferans pou vandè lokal la bay pwopriyetè biznis lokal pouvwa konpetitif lè y ap nogosye pou pwodui ak sèvis distri a ki depase $50,000. Biznis lokal ki rive a 5 pousan pri yon biznis ki pa lokal soumèt, ap gen opòtinite pou soumèt yon meyè dènye pri ki egal oubyen ki pi ba pase kantite ki nan kontra biznis ki pa lokal la soumèt.
 
Anvan lontan, distri a pral lanse yon kanpay konsyantizasyon pou l bay pwopriyetè biznis yo enfòmasyon sou kòman pou yo pwofite opòtinite pou fè biznis avèk Lekòl Leta Miami-Dade County.
 

 

###

011-JJS/152/TR/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès