|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9 septanm 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA DON $100,000 ADMINISTRASYON FEDERAL HIGHWAY
MIAMI – Administrasyon Federal Highway bay Lekòl Leta Miami-Dade County yon don $100,000 pou finans anba Pwogram Edikasyon Teknoloji ak Transpòtasyon Garrett A. Morgan. Bi pwogram sa a se pou amelyore preparasyon elèv, patikilyèman fi ak minorite, nan “science, technology, engineering, and mathematics (STEM) (syans, teknoloji, jeni, ak matematik) atravè kourikoulòm devlòpman ak lòt aktivite ki gen rapò ak transpòtasyon. Yo bay don an pote non Garrett A. Morgan, yon envantè ak antreprenè Afriken Ameriken.
Yo ap egzekite pwojè a, “Innovations in Transportation Education Engineering” (Inovasyon nan Jeni Edikasyon Transpòtasyon) nan Pwogram Akademi Jeni Lekòl Segondè Booker T. Washington nan. Yo ap bay elèv opòtinite, depi nan preparasyon pou karyè ak eksperyans pratik rive nan klas nivo preparatwa, laboratwa, ak egzèsis kreyatif. Yo pral entwodui elèv nan yon kourikoulòm klas jeni “Project Lead the Way, Inc.” devlope, ki gen kou li yo ki baze sou ekspètiz lidè endistri manifakti ak jeni ak ekspè edikasyon. Kou yo ap gen ladan ladrès teknoloji espesifik ki gen rapò ak konstriksyon pwojè tinèl Pò Miami an, ak lòt aktivite ki gen rapò ak transpòtasyon, tankou eksperyans salklas pwolonje nan Pò Miami, estaj ak siveyans enjenyè ki aktyèlman anplwaye nan diferan konpayi ki ap konstui tinèl la.
Mesye Christopher Hodgkins, Vis Prezidan “MAT Concessionaire LLC” kòmante, “Nou kontan kolabore avèk Pwogram Akademi Jeni nan Lekòl Segondè Booker T. Washington pou fasilite enterè elèv lekòl segondè yo nan domèn jeni transpòtasyon e, finalman, n ap pwodui anplwaye ki gen ladrès nou bezwen nan mandèv transpòtasyon an.”
Akademi Jeni nan Booker T. Washington se yon pwogram magnèt yo fèk etabli, ki nan ane planifikasyon li avèk Fondasyon Akademi Nasyonal. Elèv enterese ki abite andeyò limit prezans lekòl la ka aplike tou nan kontakte Pwofesè Anchaj Akademi Jeni an, Mesye Paul Lasseur, nan 305-324-8900. Pou plis enfòmasyon konsènan pwojè a, silvouplè kontakte Biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan 305-995-1922 oubyen Dtè. Lupe Diaz nan 305-995-2636.
###
11-JS/153/MF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |