|
60 ELÈV M-DCPS PRAL PATISIPE NAN AKTIVITE Swasant elèv nan de (2) lekòl leta Miami-Dade County pral jwenn yon gwo kado madi 13 septanm, lè yo patisipe nan “Miami Dolphins Book Bag Giveaway” (Kado Sak Liv Miami Dolphins) pandan ekip la ap ede nan lansman ane lekòl 2011-2012 la. Evènman an ap fèt soti 3:30 rive 5è nan aprèmidi, nan Kan Antrènman Miami Dolphins nan ki lokalize nan Nova Southeastern University,Training Bubble, 7500 S.W. 30th St., Davie, Florida 33314. Elèv ki ap soti nan sant K-8 Leisure City ak Carrie P. Meek/Westview, ansanm ak 50 elèv nan Lekòl Broward County, ap resevwa sak liv ki ranpli ak founiti klasik ak yon mayo. Elèv yo ap gen yon opòtinite pou konvèse ak jwè Miami Dolphins yo, ansyen elèv, ak majorèt yo. Anplis, jwè Dolphins yo pral pale ak elèv yo sou enpòtans edikasyon, etabli objektif pou ane lekòl la, ansanm ak benefis ki genyen nan fè egzèsis e rete an sante. Elèv yo tou ap gen yon opòtinite pou patisipe nan yon konpetisyon dans kote jwè Miami Dolphins yo pral jije e bay prim.
### 11-JS/155/HD/SD
|