POU DIFIZE IMEDYATMAN
13 septanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN LEKÒL YO NAN MIAMI-DADE AP PRAN LAPAWÒL DEVAN KOMITE KONGRÈS POU EDIKASYON


Sipèentandan Lekòl yo nan Miami-Dade Alberto Carvalho ap pran lapawòl devan Komite Travay Edikasyon Lachanm Etazini a 10è dimaten nan mèkredi 14 septanm nan chanm 2175 “Rayburn Office Building,” nan Washington DC.

Audisyon ki pote tit “Examining the Federal Role in Public School Accountability.” (Egzamine Wòl Federal nan Responsablite Lekòl Leta). Sijè yo pral diskite nan odisyon sa a genyen enpòtans kritik nan negosiyasyon ki ap fèt kounye a ki relate ak re-otorizasyon pou “Elementary and Secondary Education Act (ESEA)”  (Akò Edikasyon Elemantè ak Edikasyon Segondè nou konnen kounye a kòm Oken Timoun Pap Ret Dèyè.

Yo ap transmèt li sou Entènèt pandan li ap fèt la.
http://edworkforce.house.gov/Calendar/EventSingle.aspx?EventID=258185.

###

11-JJS/158

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès