POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 15 septanm 2011        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV AKADEMI ETID LEGAL NAN MOURNING HIGH PRAL SELEBRE ‘SEMÈN KONSTITISYON’ NAN “NORTH DADE JUSTICE CENTER”

Akademi Etid Legal nan Lekòl Segondè Alonzo & Tracy Mourning pral selebre “Semèn Konstitisyon” avèk jij ki soti nan “North Dade Justice Center,” ki pral fè yon prezantasyon entèraktif lendi 19 septanm, soti midi rive 2è nan aprèmidi nan North Dade Justice Center, 15555 Biscayne Blvd., Suite #100, North Miami Beach.

Yo te kreye evènman an pou ankouraje konpreyansyon Konstitisyon an, tankou Entwodiksyon an, Atik ak Amannman yo.  Oratè ki sou pwogram nan se avoka Arthur Garcia, ki pral diskite pwofesyonalis nan pratik lalwa.  Elèv pral aprann kijan pou yo aplike valè debaz pwofesyon legal la tankou, verite, entegrite ak itilize bon jijman. 

Evènman sa a se yon pati nan yon seri pwogram ak estaj Jij Myriam Lehr te lanse, ansanm ak Administratè Adjwen li Jij Linda Singer Stein nan Divizyon Sivil Tribinal County a.

Stein di, “Nou ekstrèmman fyè pou nou bay elèv yo enfòmasyon ak lyezon pou nou ede yo aprann sou karyè legal ak responsablite manm bawo.”  Kòm yon pati nan patenarya sa a avèk lekòl la, jij yo te resevwa elèv yo pou yon diskisyon an gwoup avèk tout jij nan North Dade yo sou kesyon vyolans  domestik, sikilasyon, lwa sivil e kriminèl. Jij yo te vizite lekòl la avèk grefye yo e yo te diskite sou divèsite ak diferan chemen karyè nan domèn lalwa.  Anplis, plizyè etidyan ki ap fè estaj avèk Lehr ap obsève e diskite plizyè ka nan tribinal ki enplike ti reklamasyon, kontra ak aksidan, pami lòt.

 

###

11/JJS/162/HD/CM

 

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès