POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 16 septanm 2011        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV LEKÒL LETA MIAMI-DADE RESEVWA PI GWO ONÈ NAN KONPETISYON AKADEMIK “NAACP ACT-SO”

MIAMIAshlee-Ann Ramsey nan Lekòl Segondè Coral Reef genyen meday lò nan 33yèm konpetisyon Anyèl Nasyonal NAACP “Afro-Academic, Cultural, Technological and Scientific Olympics (ACT-SO)” (Afwo-Akademik, Kiltirèl, Teknolojik e Olenpik Syantifik) nan ete ki sot pase a.  Li resevwa yon laptòp ak yon prim kach $2,000 pou akonplisman li.

Candice Dawson nan Lekòl Segondè Coral Reef genyen yon meday bwonz nan vwa klasik pandan James Jackson nan Lekòl Segondè Miami Jackson resevwa meday bwonz nan achitekti pandan konpetisyon an.  Chak elèv ki resevwa meday bwonz resevwa yon laptòp ak yon prim kach $1,500.  Ven elev lekòl Leta Miami-Dade County anplis te kalifye pou konpetisyon ACT-SO a.

Elèv ki genyen prim nan Miami-Dade yo te gen opòtinite pou ekspoze talan yo nan Selebrasyon Fon Anyèl Libète NAACP nan Miami-Dade 10 septanm.

ACT-SO rasanble jèn Afriken Ameriken ki gen talan atravè tout peyi a pou yo patisipe nan konpetisyon nan 26 kategori tankou syans, imanite, teyat, ar vizyèl ak biznis.  ACT-SO, yo konnen kòm “Olympic of the Mind” (Olenpik Sèvo), prezante meday lò, ajan ak bwonz bay gayan  premye, dezyèm ak twazyèm plas nan kategori pa yo.  Pwogram prim nan fèt chak ane nan lokal  Konvansyon Nasyonal NAACP a.

 

###

11/JJS/163/HD/CM

 

 

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès