POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 16 septanm 2011           

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

TEMWAYAJ SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO DEVAN KOMITE KONGRÈ A DISPONIB SOU ENTÈNÈT 

Temwayaj Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho devan Komite Edikasyon ak Mendèv Lachanm Etazini, yo te prezante mèkredi 14 septanm nan, disponib pou moun gade sou Entènèt kounye a nan www.dadeschools.net.

Odisyon an te rele “Egzamine Wòl Federal nan Responsablite Lekòl Leta.”  Kesyon yo te debat nan odisyon an enpòtan anpil pou negosyasyon ki ap fèt kounye a ki gen rapò ak re-otorizasyon “Elementary and Secondary Education Act (ESEA)” (Akò pou Edikasyon Elemantè ak Segondè) – yo konnen kounye a kòm “No Child Left Behind” (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè).

 

###

11/JJS/164/CM

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès