POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 19 septanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN SIPÈENTANDAN LEKÒL YO, ALBERTO M. CARVALHO, KÒM KOLONÈL KENTUCKY

MIAMI- Onorab Steven L. Beshear, Gouvènè “Commonwealth of Kentucky”, te resamman bay Sipèentandan Lekòl yo, Alberto M. Carvalho, pi gwo onè eta a prezante yon endividi.  Yo te chwazi Carvalho pou onè sa a poutèt kontribisyon ekstrawòdinè li nan domèn edikasyon kòm lidè katriyèm pi gwo sistèm edikasyonèl piblik Ozetazini.  Anba direksyon Mesye Carvalho, yo te restriktire fonksyònman biznis Lekòl Leta Miami-Dade County, ki lakoz yon ogmantasyon nan rezèv finans pou plis pase 2000 pousan, malgre kriz ekonomik nasyonal la. Nan ensistans li sou transparans pwosesis bidjetè a, li restore konfyans piblik e sipò kominotè pou lekòl Leta Miami-Dade yo. Nan pote yon vizyon renouvle nan salklas la, pèfòmans elèv yo amelyore anpil.  An 2010, Distri a te poste pi gwo nivo ki te janm genyen nan gradyasyon lekòl segondè e atravè yon apwòch pou amelyorasyon pèfòmans lekòl ki baze sou enfòmasyon, li desann kantite lekòl segondè ki pran “F” nan Miami-Dade de 13 a youn.

Mesye Carvalho rankontre lòt kolonèl renome tankou:  Fame “Kolonèl” Harland Sanders “Kentucky Fried Chicken”, Elvis Presley, George Clooney, Pap John Paul II, Prezidan Lyndon B. Johnson, Ronald Reagan, George Bush ak William J. Clinton.

Yo komisyone ak non kolonèl Kentucky kontribisyon moun bay nan kominote, eta oubyen peyi yo e pou akonplisman espesyal. Premye gouvènè Kentucky a te kòmanse tradisyon sa a lè li te nonmen bofis li yon “kolonèl” nan pèsonèl li.  Yo te fonde premye lòd la an 1932 e depi lè a yo enkòpore li kòm yon òganizasyon charitab.  Chak ane, Kolonèl Kentucky yo rankontre pou selebre Jounen Kolonèl Kentucky pandan “Kentucky Derby” a kòm pati tradisyon kontinyèl yo kòm anbasadè bon volonte ak solidarite atravè mond lan.

 

###

11-JJS/165/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès