POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 22 septanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO
KÒM FINALIS POU PI GWO ONÈ EDIKASYON ETA A

MIAMI – Yo te resamman nonmen Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho kòm youn nan senk finalis pou prim rechèche Lidè Enfòmasyon Distri pou Ane a. Yo chwazi finalis yo pou kapasite eksepsyonèl yo pou dirije nan sèvi ak enfòmasyon pou yo leve nivo akonplisman elèv nan pwòp distri lekòl yo.
 
Yo te rekonèt Carvalho paske li jere yon pwosesis “Data Assessment & Technical Assistance/Coordination of Management (DATA/COM)” (Evalyasyon Enfòmasyon ak Jesyon Asistans/Kowodinasyon Teknik), ki kontwole aske bezwen fonksyònman lekòl ki plis an difikilte distri lekòl la fèt a lè. Li ofri resous tou pou adrese kesyon trèzenpòtan yo yon fason ki efikas e efektif.
 
Lòt sipèentandan finalis yo gen ladan MaryEllen Elia, Hillsborough County; Alexis Tibbetts, Okaloosa County; Joseph Joyner, St. Johns County; ak Michael Lannon, St. Lucie County.
 
Divizyon Responsablite, Rechèch ak Mezi Depatman Edikasyon Florid la te kreye Prim Lidè Enfòmasyon Distri pou ane a pou onore lidè distri lekòl ki jwe yon wòl santral nan ankouraje itilizasyon enfòmasyon e kominike enpòtans li bay anplwaye lekòl, administratè, paran, elèv ak lòt moun deyò ki enterese.
 
Yo ap anonse gayan Prim Lidè Enfòmasyon Distri pou Ane a 19 oktòb nan Tallahassee.

 

###

11-JJS/167/DF/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès