|
SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO AP RANKONTRE AVÈK PREZIDAN OBAMA PANDAN VIS PREZIDAN BIDEN AP VIZITE YON LEKÒL MIAMI YON JOUNEN CHAJE POU LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY Gras ak temwayaj Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho 14 septanm devan Komite Edikasyon ak Mendèv Lachanm Etazini, Prezidan Barack Obama te envite li nan Mezon Blanch maten an pandan Prezidan an anonse nouvo efò pou amelyore rezilta edikasyonèl, ofri eta yo fleksiblite, e pwomouvwa refòm anba “Elementary and Secondary Education Act (ESEA)” (Akò Edikasyon Elemantè ak Segondè) – ki aktyèlman rele “No Child Left Behind” (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè). Pandan Carvalho t ap rankontre ak Prezidan an Washington, D.C., Vis Prezidan Etazini an Joe Biden t ap fè chemen li nan Lekòl Elemantè Gertrude K. Edelman/Sabal Palm pou li mete aksan sou pwopozisyon “American Jobs Act” (Akò Travay Ameriken), ki fèt pou l kreye travay nan rebati ak modènize lekòl atravè peyi a. Administrasyon an ap pwopoze yon envestisman $25 milya nan enfrastrikti lekòl. Lekòl Leta Miami-Dade County ka resevwa fon jiska $267 milyon anba pwopozisyon an, ki ka kreye 3,500 travay.
### 11-JS/169/GC/RL
|