|
FONDASYON KOMINOTÈ FLORIDA MARLIN PRAN RESPONSABLITE POU EDE PWOGRAM AKADEMI OSPITALITE AK TOURIS MIAMI – Fondasyon Kominotè Florida Marlins fè yon don $2,500 pou sipòte pwogram “Academy of Hospitality and Tourism (AOHT)” (Akademi Ospitalite ak Touris) nan Lekòl Leta Miami-Dade County. Kontribisyon sa a ape de sipote pwofesè ak elèv avèk opòtinite devlopman pwofesyonèl e li ap ede tou ranfòse kourikoulòm nan. Ana Harnendez, Direktris Egzekitif Resous Imèn di, “Apre eksperyans nou avèk de elèv estajyè nan ete ki sot pase a, e apre nou te fin eksperimante dirèkteman kisa pwogram sa a reprezante pou anpil nan jèn gason ak jèn fi nan kominote sa a, nou espere kontinye sipòte pwogram akademi sa yo.” Fondasyon Kominotè Florida Marlins vin yon manm nan Chanpyon Biznis ak Edikasyon nan nivo Anbasadè pou Akademi Ospitalite ak Touris. Chanpyon sa yo se yon gwoup donatè filantwopik ki se lidè nan kominote endistri vizitè a e li bay kontribisyon pou vwayaj, touris ak edikasyon sou ospitalite. Biznis lokal ak òganizasyon kominotè ka patisipe nan divès nivo patenarya kòm yon Chanpyon Akademi, anbasadè e kòm yon Zanmi Akademi an. Akademi Ospitalite ak Touris se yon manm “National Academi Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal). Akademi NAF yo fonksyone tankou patenarya dinamik ak kolaborasyon ant lekòl, pwofesè, administratè volontè biznis, ak yon Komisyon Konsèy ki gen pwofesyonèl endistri ki aktif k ap dirije l. Elèv akademi NAF yo konplete etid akademik debaz yo avèk yon konsantrasyon sou youn nan tèm karyè sa yo: Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, Jeni ak Syans Sante. Pou plis enfòmasyon, kontakte biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan 305-995-1922 oubyen vizite choice.dadeschools.net. NÒT EDITÈ: Atachman Foto
Moun ki nan foto yo de goch a dwat: Alan Alvarez, Kowòdonatè Administratif, Fondasyon Kominotè Marlins (gradye AOHT); Alfredo Mesa, Direktè Egzekitif, Fondasyon Kominotè Marlins; Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Lekòl Leta Miami-Dade County; David Samson, Prezidan Florida Marlins
### 011-JJS/170/CM
|