|
YO NONMEN TWA LEKÒL LETA MIAMI-DADE ‘LEKÒL EKSTRAWÒDINÈ’ MIAMI – “Imagine Learning, Inc.” te chwazi “Primary Learning Center” (Sant Aprantisaj Primè), Lekòl Elemantè Melrose ak Lekòl Elemantè Southside kòm Imagine “Nation Super Schools” (Lekòl Ekstrawòdinè Peyi a) pou 2010-2011. “Super Schools” (Lekòl Ekstrawòdinè) yo se twa sou 20 lekòl ki resevwa distenksyon an nasyonalman pou akonplisman ak ankourajman eksepsyonèl yo nan lang ak enstriksyon debaz atravè itilizasyon “Imagine Learning English” (Imajine W ap Aprann Anglè). Imajine W ap Aprann Anglè se yon pwogram lang inovatif ak enstriksyon debaz ki bay lekòl yo pwogram òdinatè edikasyonèl ki resevwa prim. Enstriksyon youn a youn li a pwomouvwa akonplisman pèsonèl pandan li angaje elèv nan aktivite ak leson ki amizan. Imajine W ap Aprann Anglè anbrase senk prensip estratejik sipò lang nan: pwofi ki mezirab, lang akademik, enstriksyon debaz ki chita sou rechèch, ak teknoloji leson patikilye.
### 11-JS/171/DF/RL
|