POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 28 septanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV M-DCPS PATISIPE NAN DEFI POU BON KONDISYON FIZIK NASYONAL

MIAMI—Elèv lekòl leta Miami-Dade pral patisipe nan dezyèm Defi Anyèl “Million Presidential Active Lifestyle Award (PALA)” (Prim Viv yon Fason Aktiv tankou yon Prezidan). Yo te kreye defi a ane dènyè pou ede yon milyon Ameriken adopte yon vi ki pi aktif ak yon fason pou viv ansante.

Defi PALA a te tèlman gen siksè, plis pase 1.7 milyon moun te patisipe ladan.  “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gen distenksyon pou l youn nan uit òganizasyon ki te ede plis pase 100,000 moun vin aktif ane dènyè atravè defi a.

PALA ankouraje timoun ak adilt pou yo konsakre 30 a 60 minit egzèsis pa jou pou senk jou nan yon semèn pandan sis sou uit semèn defi a. Yo mande patisipan yo tou pou yo chwazi yon objektif nitritif pa semèn sou uit opsyon. Apre yo fini defi a, patisipan yo resevwa yon sètifika.

Premye Dam Michelle Obama te lanse inisyativ ba salad “Let’s Move!” (Annou Bouje!) li a ane dènyè nan Lekòl Elemantè Riverside. Insyativ la plase ba salad nan 6,000 lekòl atravè peyi a. Premye Dam nan pale sou chwa manje ki bon pou lasante avèk elèv yo e li te rankontre avèk chèf selèb lokal e Patnè Chèf distri a, Kris Wessel, Michelle Bernstein, Michael Schwartz, Frank Jeannetti ak Ken Lyon.

 

 

###

11-JS/175/DF/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès