POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 28 septanm  2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO AP FÈ YON PREZANTASYON NAN SOMÈ INOVASYON NAN EDIKASYON NAN NEW YORK

Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho te yon prezantatè nan “The McGraw-Hill Research Foundation’s Third Annual Innovation in Education Summit” (Twazyèm Somè Anyèl Inovasyon nan Edikasyon Fondasyon Rechèch McGraw-Hill) maten an nan New York.  Lidè ki ap panse ki reprezante edikasyon, teknoloji, gouvènman an ak lòt moun ki enterese te rasanble pandan somè demi jounen an pou diskite kèk kesyon ki trè kritik moun ki ap fè lwa yo, administratè, pwofesè, elèv ak paran ap konfwonte.

Akoz yo rekonèt li kòm yon lidè nan refòm lekòl, Carvalho te pataje nan prezantasyon li a, eksperyans li nan chanje kilti distri Miami-Dade ak siksè e avanse yon varyete inisyativ ki kontribye nan siksè elèv yo, "Education Innovation – From the Possible to the Inevitable.” (Inovasyon nan Edikasyon - Kòmanse nan Posiblite rive nan Inevitab).  Carvalho dokimante travay li nan Miami-Dade nan yon nouvo papye sou règ Fondasyon Rechèch McGraw-Hill pibliye, "Strategies for Rescuing Failing Public Schools: How Leaders Create a Culture of Success,” (Estrateji pou Sove Lekòl Leta ki ap Travay Mal: Kòman pou Lidè yo Kreye yon Kilti pou Siksè," Li ekri règ sa yo ansanm ak Dtè. Steven L. Paine, Konseye Anchèf, Fondasyon Rechèch McGraw-Hill.  Yo pibliye règ yo jodi a.

Pami prezantatè yo tou te genyen Freeman A. Hrabowski III, Prezidan, University of Maryland, Baltimore County, yon lidè rekoni nan edikasyon apre lekòl segondè nan (science, technology, engineering and mathematics (STEM) (syans, teknoloji, jeni ak matematik.  

Apre chak prezantasyon, yon gwoup lidè yo estime ki ap panse sou edikasyon ak teknoloji te prezante yon panèl diskisyon.  Premye panèl la te vize sou wòl inovasyon jwe nan prepare elèv pou kolèj ak karyè.  Dezyèm panèl la te diskite sou kòman pou asire solisyon digital K-16 dinamize akonplisman elèv e kòman pou asire solisyon yo mezirab.

Nan panèl sesyon yo te genyen:

Robert Beichner, pwofesè distenge nan fizik, North Carolina State University

Stephen Brady, Depite Kad Siperyè Amelyorasyon Enstriksyonèl, Distri Lekòl Philadelphia

Charles Fadel, medsen vizitè nan Lekòl Metriz Edikasyon, Harvard University

Jeff Livingston, vis prezidan anchèf, Preparasyon Karyè ak Kolèj, Edikasyon McGraw-Hill

Bruce Marcus, chèf digital ak ofisye anchèf Enfòmasyon, Edikasyon McGraw Hill

Ned May, vis prezidan ak analis anchèf, Outsell, Inc.

Mitchel Resnick, pwofesè Fòmasyon Rechèch, Medya Laboratwa M.I.T.

Chip Slaven, asosye kad siperyè defans, Alyans pou Edikasyon Ekselan

Nikolai P. Vitti, asistan sipèentandan, Transfòmasyon Edikasyon, Lekòl Miami-Dade County

Julie Young, prezidan e CEO (Ofisye Egzekitif Anchèf), Lekòl sou Entènèt Florid

Bob Wise, prezidan, Alyans pou Edikasyon Ekselan

 

###

11-JS/176/TTR/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès