POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 28 septanm  2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

FONDASYON RECHÈCH MCGRAW-HILL AK SIPÈENTANDAN CARVALHO PIBLIYE PAPYE SOU RÈG YO EKRI ANSANM JODI A

Nan yon papye sou règ Fondasyon Rechèch McGraw-Hill pibliye jodi a, "Strategies for Rescuing Failing Public Schools: How Leaders Create a Culture of Success” (Estrateji pou Sove Lekòl Leta ki ap Travay Mal yo: Kòman pou Lidè yo Kreye yon Kilti pou Siksè), Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho ak Dtè. Steven L. Paine, Konseye Kad Siperyè Fondasyon Rechèch McGraw-Hill ekri, yo fè konnen lidè konpetan ka ede menm lekòl ki ap fonksyone pi mal yo reyalize chanjman dramatik nan akonplisman ak moral yo.

Baze sou eksperyans yo nan transfòme kèk lekòl ak distri ki te ap pèfòme pi ba nan peyi Etazini, Carvalho ak Paine sijere li kritik pou chwazi, devlope e nonmen sipèentandan ak direktè ki ap ensiste sou chanjman kiltirèl ak anviwònmantal pandan yo ap enstitye estanda wo nan akonplisman akademik e konsakre plis resous pou devlope pwofesè eksepsyonèl.

Toude, Carvalho ak Paine, afime yon eleman kritik pou siksè enplike chanjman nan kilti lekòl oubyen distri ki ap pèfòme ba yo de youn ki atann echèk a youn ki ensiste sou siksè.  Li difisil pou konte e evalye chanjman kiltirèl otè yo rekonèt, ki fè li egalman difisil tou pou sistematize e mezire yo.  Li ka rive fèt, sepandan, nan devlope e pwomote lidè edikasyon ki pran angajman pou chanjman kiltirèl ak estanda akademik wo pou tout elèv.

Papye a detaye eksperyans pèsonèl Sipèentandan Carvalho ak Dtè. Paine nan chanje ak siksè lekòl ak distri – lavil  ak riral – nan Florid e West Virginia ak yon gran vizyon sou estanda enstriksyon, ak estanda wo ki koresponn ak siksè edikasyonèl pou tout elèv; kèlkeswa ras oubyen kondisyon sosyal; mezi ak responsablite pou satisfè objektif akonplisman elèv; fè pi bon itilizasyon teknoloji digital pou kolekte enfòmasyon sou pèfòmans elèv pou kontinyèlman ap evalye fòmasyon yo; e sipòte pwofesè ekselan nan vize devlopman pwofesyonèl.

Carvalho te debat tèm papye a kòm yon prezantatè nan twazyèm Somè Anyèl “Innovasyon in Education” (Inovasyon nan Edikasyon) nan New York City, “The McGraw-Hill Research Foundation” (Fondasyon Rechèch McGraw-Hill) te patwone.  Lidè ki ap panse nan sektè edikasyon te rasanble nan somè an pou diskite pwoblèm ak tandans ki afekte sistèm lekòl yo sèjousi.

 

###

11-JS/177/TTR/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès