|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 29 septanm 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ASOSYASYON EDIKASYON AR FLORID CHWAZI SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO KÒM SIPÈENTANDAN DE LANE POU ANE 2011
MIAMI-Komite prim “Florida Art Education Association (FAEA)” (Asosyasyon Edikasyon Ar Florid) chwazi Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho pou Prim Sipèentandan De Lane pou ane 2011. Y ap prezante prim nan bay Carvalho nan Konferans FAEA 2011 la pandan Dejene Prim nan 5 novanm nan St. Petersburg.
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Sa a se yon gwo onè, e mwen pataje li avèk anpil moun nan Lekòl Leta Miami-Dade County… Komisyon Konsèy Lekòl la ak distri lekòl la fè yon gwo efò tèt ansanm pou yo kenbe pwogram edikasyon ar yo. Timoun reyèlman grandi lè yo ekspoze yo nan ar.”
FAEA a prezante prim anyèl pou rekonèt manm ki rive atenn pi gwo nivo pwofesyonalis nan edikasyon ar, e pou montre apresyasyon pou endividi oubyen òganizasyon ki kontribye nan bay sèvis yo nan yon fason egzanplè nan asosyasyon an e pou objektif pwofesyonèl yo pataje.
###
11-JJS/178/MF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |