|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 29 septanm 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
SIPÈENTANDAN LEKÒL MIAMI-DADE AP PATISIPE NAN YON PANÈL DISKISYON KONSÈY KOLÈJ
|
Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho, Prezidan Kolèj Miami Dade Eduardo Padrón, ansyen Gouvènè Florid Jeb Bush, ansyen Gouvènè West Virginia Gaston Caperton, lidè sivik, manm biznis ak sitwayen enterese
|
|
College Board Advocacy & Policy Center’s Roundtable Discussion
(Diskisyon Tabwonn) |
KILÈ: |
30 septanm 2011
Konferans pou Laprès a 9:30 dimaten nan Bilding 6, Chanm 6100
Diskisyon an gwoup 10:30 dimaten nan Bilding 2, Chanm 2106
|
KI KOTE: |
Miami Dade College, Wolfson Campus
300 N.E. 2nd Avenue
Miami, Florida 33132
|
POUKISA: |
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral rankontre ak lòt lidè edikasyon pou patisipe nan “College Board Advocacy & Policy Center’s Roundtable Discussion” konsènan Ajanda Finisman Kolèj: Edisyon Latino ak Gid Règleman Eta. Toude rapò yo ofri pèsepsyon enpòtan nan pwogrè edikasyonèl elèv Latino. Anplis, rapò yo ofri rekòmandasyon pou defi elèv ka konfwonte.
Yo te kreye “College Board Advocacy & Policy Center” a pou chanje edikasyon atravè prensip ki gide egalite nan edikasyon ak ekselans. Sant la sèvi ak rechèch, règ ak pratik mond reyèl la pou ofri opsyon inovatif pou elèv e pou asire tout elèv gen opòtinite pou yo reyisi nan kòlèj ak lavi.
|
# # #
11-JJS/179/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |