|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 septanm 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
***DIFIZYON FOTO***
EDIKATÈ ADILT AK KOMINOTÈ FLORID NONMEN DIREKTÈ M-DCPS ROBERT GORNTO KÒM ADMINISTRATÈ DE LANE FLORID
“Adult and Community Educators of Florida (ACE)” (Edikatè Adilt ak Kominotè Florid) chwazi Direktè Administratif Lekòl Leta Miami-Dade Robert Gornto, kòm administratè Lekòl De Lane. Yo te prezante prim nan pandan Konferans Anyèl ACE a ki te fèt nan Orlando, Florid.
Mesye Gornto di, “Se yon onè pou yon òganizasyon si prestijye rekonèt mwen… Pi enpòtan toujou, se yon eksperyans imilite pou yon si gran gwoup direktè nonmen mwen.”
ACE prezante prim Administratè De Lane a bay yon administratè ki demontre akonplisman ekselan nan edikasyon adilt oubyen kominotè nan chwazi, devlope, ak sipòtè pwofesè ki efikas. Epi, moun yo chwazi a dwe devlope e egzekite pwogram inovatif pandan li ap fè akonplisman lè l ap travay avèk elèv, pwogram, ajans ak kominote.
Mesye Gornto ap travay ak Lekòl Leta Miami-Dade County depi 30 an. Pandan tan sa a li demontre angajman egzanplè pou òganizasyon pwofesyonèl ak kominotè, ki sipòte edikasyon adilt ak kominotè. Anba direksyon li, Divizyon Edikasyon Adilt M-DCPS kontinye sèvi plis pase 100,000 adilt k ap aprann pa an.
Nòt Editè a: Atachman Foto

(de goch a dwat) Nyce Daniels, Robert Gornto, Mark Needle, Dtè. Nilda Diaz ak Dtè. Dulce DeVilla, tout edikatè adilt ki soti nan Lekòl Leta Miami-Dade County.
###
11-JJS/180/GC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |