
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 septanm 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
SEREMONI REKONESANS PEMAN DAPRÈ PÈFÒMANS, 3 OKTÒB
|
Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence Feldman, administratè distri, pwofesè yo onore, manm sektè biznis ak sitwayen ki enterese
|
|
Seremoni Rekonesans Peman Daprè Pèfòmans |
KILÈ: |
Lendi 3 oktòb 2011 a 3è nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
Miami Beach Senior High School
2231 Prairie Ave
Miami Beach, FL 33139
|
POUKISA: |
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral distribye fon bay pwofesè anba plan peman daprè pèfòmans yo te anonse pi bonè nan ane a, ki bay edikatè Miami-Dade potansyèl pou yo resevwa otanke $100,000 oubyen plis. Finansman pou plan peman daprè pòfòmans la, ki jiska $14 milyon ane sa a, ap soti nan yon don “Race to the Top” (Kous pou Antèt) ki soti nan Depatman Edikasyon Etazini.
Carvalho te preside Gwoup Travay Gouvènè a ki te devlope yon memo konpreyansyon ak yon bonjan aplikasyon ki te pèmèt Florid resevwa plis pase $700 milyon nan fon “Race to the Top”, ki te egal a $350 milyon pou distri lekòl atravè eta a. Travay odasye sa a jwennn sipò Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, ki fèmeman te kenbe angajman li pou salklas lokal yo.
|
# # #
11-JJS/181/GC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |