POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 3 oktòb 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS REKONÈT TRAVAY PWOFESÈ AK PEMAN DAPRÈ PÈFÒMANS

MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho te distribye chèk peman daprè pèfòmans bay pwofesè jodi a jiska $25,000, ki pèmèt kèk edikatè Miami-Dade gen potansyèl pou yo resevwa jiska $100,000 oubyen plis pou ane a.

Carvalho di, “Nou ekilibre benefis finansye “Race to the Top (RTTT)” (Kous pou Antèt) atravè negosyasyon olyede enpozisyon...  Nan fè sa, nou kapab rekonèt pèfòmans pwofesè ki lye ak akonplisman elèv.”

Miami-Dade se sèl distri lekòl nan eta a ki rekonpanse pwofesè pou pèfòmans yo anba fon RTTT a.  Eta a pa mande distri lekòl plan peman daprè pèfòmans jiska 2014; sepandan, nou kapab akonpli objektif sa a gras a sipò sendika a e manm Komisyon Konsèy Lekòl yo ki te kenbe fèm ak angajman yo pou salklas lokal yo.
Fon pou plan peman an, ki rive jiska $14 milyon ane sa a, soti nan yon lajan RTTT Depatman Edikasyon Etazini.  Carvalho te prezide Gwoup Travay Gouvène a ki te devlope yon memorandòm konpreyansyon ak yon bonjan aplikasyon ki te pèmèt Florid resevwa plis pase $700 milyon nan lajan RTTT, ki te egal a $350 milyon pou distri lekòl atravè eta a.

Plan an etabli kat gwo fason pou pwofesè yo resevwa plis lajan baze sou pèfòmans elèv.  Kat kategori ki baze sou pèfòmans elèv yo se: gen rapò ak tout lekòl la; gen rapò ak matyè anndan lekòl la; gen rapò ak chak pwofesè anndan lekòl la; ak Prim Pwofesè Pwogresif Sipèentandan an. Nan seremoni jodi a nan Lekòl Segondè Miami Beach, 84 pwofesè te resevwa $4,000, 12 pwofesè te resevwa $8,000, 12 pwofesè te resevwa $12,000 e 12 pwofesè te resevwa $ 25,000 pou yon total 120 pwofesè.  120 pwofesè sa yo fè pati Prim Pwofesè Pwogresif Sipèentandan an. 

Plis pase 16,500 pwofesè endividyèl ap oubyen pral resevwa yon prim RTTT nan yon nivo kèlkonk. Yo rekonèt plis pase 13,000 pwofesè atravè pèfòmans elèv ki gen rapò ak tout lekòl la. Yo rekonpanse prèske 12,000 pwofesè poutèt pèfòmans elèv ki gen rapò ak matyè anndan lekòl la e yo konpanse plis pase 500 pwofesè akoz pèfòmans yo nan lekòl yo. 

 

###

11-JS/183/GC/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès