POUKISA: |
Lesley Cochran Fletcher, Ph.D., Chèf Depite Divizyon Edikasyon, NASA pral gide elèv ak paran nan kreye fize an pay. Inisyativ S.W.A.T. la, yo konnen kòm Syans avèk yon Twis, se yon pwogram enstriksyon entèraktif kote paran ak elèv rankontre ansanm pou yo patisipe nan yon kantite aktivite pratik sou matematik ak syans. Yo angaje elèv ak paran nan aktivite ki chaje ak amizman ki ba yo defi pou yo ranpli plizyè fonksyon matematik, ansanm ak, devlope ladrès panse kritik yo nan syans. Se Akademi Paran An ak S.W.A.T., Inc. ki ap patwone evènman an.
|