POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 oktòb 2011  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“SCHOOL FOR ADVANCED STUDIES” (LEKÒL POU ETID AVANSE) PRAL FÈ DE SESYON ENFÒMASYON POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ KI ENTERESE ANTRE NAN KOLÈJ BONÈ, 15 OKTÒB

MIAMI – “School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè
a plentan, yo rekonèt nasyonalman, anwòlman doub, pral fè yon sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 15 oktòb pou ane lekòl 2012-2013 la, nan de (2) kanpous “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Miami Dade): Kanpous Nò, 11380 N.W. 27th Ave. a 9è dimaten nan Lehman Theater; ak Kanpous Wolfson, 500 N.E. 2nd Ave., a 1è nan aprèmidi nan Sal 7128.  

Yo envite tout elèv 10yèm ane eskolè Distri a avèk yon mwayèn jeneral minimòm 3.0 pou yo aplike, e yo ka antre nan 11yèm ane eskolè lè yo fè nòt pasaj nan Egzamen Plasman pou Kolèj yo bay nan MDC.  Seleksyon elèv yo baze sèlman sou lòd aplikan yo satisfè kritè yo etbli yo.  Anwòlman an limite.

Elèv ki ale nan SAS konplete de dènye ane lekòl segondè yo pandan yo prale nan MDC e, nan anpil ka, yo gradye anmenmtan avèk toude, yon diplòm lekòl segondè e yon degre “Associate of Arts” nan MDC.

Chak semès, elèv anwole nan yon minimòm twa kou anwòlman doub kolèj, pwofesè MDC anseye e kat kou lekòl segondè, pwofesè SAS anseye. Tout kou lekòl segondè yo se kou Plasman Avanse eksepte pre-kalkil ak rechèch.  Elèv yo resevwa eskolarite ak frè gratis, liv gratis, e, si yo elijib, transpòtasyon nan otobis lekòl ak Metrorail, Lekòl Leta Miami-Dade County finanse.   

SAS lokalize nan kat kanpous MDC: Homestead, Kendall, Nò ak Wolfson.  Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, rele 305-237-0510 oubyen vizite paj Entènèt SAS la:  http://sas.dadeschools.net.    

 

 

###

11-JJS/188/MF/CM    

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès