|
PLIZYÈ CHÈF SELEBRITE MIAMI AP PREZANTE PLA GOUTE APETISAN NAN EVÈVNMAN MANJE FANTEZI POU SIPÒTE M-DCPS Chèf Selèb Michelle Bernstein, Douglas Rodriguez, ak 11 nan meyè chèf nan Miami, ap rankontre elèv ar kilinè nan twa diferan sant edikasyon adilt nan Miami-Dade County nan evènman Cooking Up Dreams (Manje Fantezi) madi 1ye novanm kote yo pral prezante goute apetisan kòmanse 7è rive 9è diswa, nan DoubleTree Grand Hotel Biscayne Bay. Tikè yo se $75 atravè Ticketweb.com, e pwofi yo pral benefisye “Fondasyon pou Nouvo Insisyativ nan Edikasyon, Inc.”, ki ap sipòte nouvo pwogram nan Lekòl Leta Miami-Dade County. DoubleTree Grand lokalize nan 1717 North Bayshore Drive, Miami. Nan liy vedèt kuizin Miami yo genyen Chèf Michelle Bernstein, pwopriyetè Michy’s and Sra. Martinez, ak Chèf Douglas Rodriguez, pwopriyetè De Rodriguez Cuba ak OLA at the Sanctuary. Avèk yo ap genyen Chèf Sarah Paz Claro nan The Office Cake; Chèf Richard L. Ingraham, Chèf Pèsonèl vèdèt “Miami Heat” Dwyane Wade; Chèf Timon Balloo nan Sugar Cane; Chèf Susan Bleemer nan Catering the Event; Chèf Steve Calandra nan DoubleTree Grand Hotel, Biscayne Bay; Chèf Makoto Okuwa nan Makoto Bal Harbour; Chèf Horacio Rivadero nan The Dining Room; Chèf Carmen Trigueros nan La Bottega; Chèf Berni Matz nan Books and Books Lincoln Road; Chèf Kris Wessel nan Red Light Little River; ak Chèf Peter Vauthy nan Red Steakhouse. Lekòl k ap patisipe yo se Sant Edikasyonèl Robert Morgan, Sant Edikasyon Teknik Lindsey Hopkins, ak Sant Edikasyonèl Miami Lakes.
### 11-JS/189/HD/RL
|