|
EVÈNMAN SANT ENTÈNASYONAL FRANK C. MARTIN K- 8 AP REKONÈT PREVANSYON DWÒG DIRAN TOUT ANE A Lendi 24 oktòb a 9è dimaten elèv paran, pwofesè e sitwayen enterese ap mete ak “Frank C. Martin International K-8 Center” (Sant Entènasyonal Frank C. Klas Jadendanfan jiska 8yèm Ane Eskolè), ki lokalize nan 14250 Boggs Drive Miami, 33176, nan selebre siksè “Certification Red Ribbon” (Sètifikasyon Riban Wouj) lekòl la. Lekòl yo ki gen Sètifika “Red Ribbon”, yon pwogram “Informed Families” (Fanmi Enfòme) ak “National Family Partnership” (Patenarya Fanmi Nasyonal), rekonèt lekòl ki amelyore pèfòmans akademik nan kenbe timoun pou pa pran dwòg ak alkòl, e angaje paran yo ak kominote a Sant Martin K-8 se sèl nan 10 lekòl nan tout peyi a yo chwazi pou onè distenge sa a nan ane 2011. Peggy Sapp, “President & CEO” (Prezidan e Ofisye Anchaj) Fanmi Enfòme di, “pwogram “Red Ribbon Certified Schools” (Lekòl ki gen Sètifika Riban Wouj) ofri yon sipèb opòtinite pou onore lekòl ki itilize Kanpay Riban Wouj ak lòt estrateji prevansyon efikas diran tout ane a pou ede timoun grandi ansekirite, ansante e san dwòg” … Sant Entènasyonal Frank C. Martin K-8 fè egzakteman sa – e tout kominote a, elèv, paran, administratè e sitwayen nan Miami patisipe nan pwosesis la. Ki se meyè prevansyon.” Sant Martin K- 8 envite kominote a pou mete ansanm nan sipòte ekselans edikasyonèl atravè prevansyon pou selebre Sètifikasyon Riban Wouj yo a. Evènman an ap klotire ak Direktris Lekòl la Pamela F. Brown ap leve dwapo Sètifika Riban Wouj la pandan li fè sonje enpòtans pou elèv rete san yo pa pran dwòg e bwè alkòl. Pou yo konsidere yon lekòl pou Sètifikasyon Riban Wouj, li la dwe itilize kourikoulòm ki relate ak prevansyon abi sibstans pibon gid pratik la, travay ak paran kòm patnè e angaje nan evènman Riban Wouj diran tout ane a. Lekòl yo chwazi pou sètifikasyon rete ak sètifika a pou yon peryòd twazan. Orijinalman se Fanmi Enfòme ak, Patenarya Fanmi Nasyonal ak “Florida Center for Prevention Research” (Sant Rechèch pou Prevansyon Florid) nan “Florida State University” (Inivèsite Eta Florid) ki devlope pwogram nan e “Substance Abuse & Mental Health Services Administration (SAMHSA)” (Abi Sibstans e Administrasyon Sèvis Sante Mantal) nan “U.S. Department of Health & Human Services” (Depatman Sante e Sèvis Imen Etazini) ki bay fon pou li. Pou w konnen kòman lekòl pitit ou a ka gen Sètifika Riban Wouj, kontakte Simone Brown Knight sbrown@informedfamilies.org <mailto:sbrown@informedfamilies.org> nan 305-856-4886 oubyen vizite www.RedRibbonSchools.org
### 011-JJS/190/VVL/CF
|