POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 13 oktòb 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO AP ANONSE SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO KÒM PREZIDAN ALAS POU ANE 2012-2014
 

Yo pral anonse Alberto M. Carvalho, Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm nouvo Prezidan “Association of Latino Administrators and Superintendents (ALAS)” (Asosyasyon Administratè ak Sipèentandan Latino).  ALAS ap selebre Uityèm Somè Anyèl li sou Edikasyon Ispanik soti 12 rive 15 oktòb nan San Francisco, California.  Carvalho sèvi kòm Prezidan Eli asosyasyon an ane sa a e li pral ofisyèlman pran direksyon asosyasyon an 1ye janvye 2012.  Prezidan sòtan Carlos A. Garcia pral pase mayèt Prezidan an bay Carvalho nan Bankè Somè Prim nan aswè a.

Carvalho di, “Atravè inovasyon, defans onèt ak devlopman pwofesyonèl estratejik, ALAS angaje l pou asire elèv nan gwoup demografik k ap grandi sa a resevwa eksperyans edikasyonèl dekalite ki pral ede yo mennen vi ki rich, pwodiktif… Mwen onore pou m sèvi kòm yon defansè nan nouvo wòl mwen kòm Prezidan.”  

ALAS se òganizasyon edikatè ki pi laj e ki ap grandi pi vit k ap sèvi elèv Ispanik/Latino. An 2003, yon gwoup administratè ak sipèentandan Ispanik/Latino te kreye e devlope li dapre yon lide, kote vizyon yo ak “leadership” (direksyon) yo te enstrimantal nan adrese bezwen pa sèlman popilasyon Ispanik/Latino an, men edikatè ak administratè sa yo ki ap sèvi bezwen elèv Ispanik/Latino an patikilye e tout elèv an jeneral.

Pami premye aksyon li yo kòm prezidan k ap debite, Carvalho rezève Miami kòm vil ki ap resevwa Somè ALAS 2012 la.  Li pwomèt pou l double kantite patisipan nan somè a nan ane k ap vini an.

 

###

11-JJS/191/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès