|
ELÈV TWAZYÈM ANE ESKOLÈ NAN LEKÒL ELEMANTÈ JOELLA C. GOOD TALLAHASSEE – Nicole Lugo, yon elèv twazyèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Joella C. Good se yon gayan konkou ar Mwa Eritaj Ispanik Gouvènè a. Gouvènè Rick Scott ap onore li ak lòt gayan konkou Mwa Eritiaj Ispanik ane 2011 la nan Rezidans Gouvènè a aswè a, ansanm ak Prim Ekselans nan Edikasyon, e rekonèt atis Miami Damien Cruz kòm atis remakab. Gouvènè a ap onore tou Dtè. Erick Hueck, yon pwofesè chimi nan Lekòl Segondè Miami, avèk Prim Ekselans nan Edikasyon pou pwofesè Ispanik distenge. Elèv ak kolèg nonmen twa gayan yo, e chak ap resevwa yon prim $1,500. Plis enfòmasyon sou eritaj Ispanik Florid la disponib nan paj Entènèt Mwa Eritaj Ispanik Florid la www.FloridaHispanicHeritage.com. Yo ap selebre Mwa Eritaj Ispanik Ozetazini depi 1974 lè Prezidan Gerald Ford te pibliye yon Pwoklamasyon Prezidansyèl ki pwolonje Semèn Selebrasyon Eritaj Ispanik la pou yon mwa, soti 15 septanm rive 15 oktòb.
### 11-JS/192/HD/RL
|