POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 17 oktòb 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“INTERNATIONAL STUDIES PREPARATORY ACADEMY (ISPA)” (AKADEMI PREPARATWA POU ETID ENTÈNASYONAL) PRAL FÈ SESYON ENFÒMASYON   

“International Studies Preparatory Academy (ISPA)” (Akademi Preparatwa pou Etid  Entènasyonal), yon lekòl segondè magnèt a plentan, pral fè twa reyinyon enfòmasyon pou elèv nevyèm ane eskolè ak paran ki enterese nan aplike e ale nan ISPA pou ane lekòl 2012-2013 la. ISPA lokalize nan 1570 Madruga Avenue, Coral Gables, Florida 33146.  

Pwogram Etid Entènasyonal la se rezilta akò konpreyansyon avèk gouvènman Frans, Itali ak Espay e se sèl pwogram nan modèl sa a Ozetazini.   Elèv yo ap pousuiv etid yo nan lang mondyal anplis yon kourikoulòm akademik avèk yon konsantrasyon entènasyonal ki adrese estanda rijid toude, sistèm edikasyonèl Etazini ak Inyon Ewopeyen.   

Anplis y ap etidye matyè debaz yo ann Anglè, elèv yo resevwa jiska twazèdtan enstriksyon an Fransè, Italyen oubyen Espayòl.  Yo pousuiv etid yo nan literati, istwa ak jewografi yo anseye  nan lang etranje a, e yo ankouraje yo travay nan nivo ki pi wo yo nan kou Onè ak Plasman Avanse yo.  Pwogram sa a ofri elèv yo opòtinite pou yo resevwa rekonesans doub pou etid yo, yon diplòm lekòl segondè Etazini ak ekivalan diplòm sa a nan peyi Ewopeyen an.  

Reyinyon enfòmasyon yo ap fèt nan “ISPA Café” a soti 6è rive 8è diswa nan dat sa yo:

  • Mèkredi 2 novanm 2011  
  • Mèkredi 30 novanm 2011  
  • Mèkredi 11 janvye 2012

Silvouplè vizite sit Entènèt lekòl la nan ispa.dadeschools.net oubyen rele lekòl la nan 305-663-7200 pou plis enfòmasyon.    

 

###

11-JJS/194/DF/CM      

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès