POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 17 oktòb 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

REYINYON KOMINOTÈ POU DISKITE KESYON AMELYORASYON LEKÒL AK OPÒTINITE KI GEN RAPÒ AK LEKÒL SEGONDÈ MIAMI EDISON E MIAMI CENTRAL

Premye nan twa reyinyon piblik pou adrese kesyon amelyorasyon ak opòtinite ki gen rapò ak lekòl segondè Miami Edison e Miami Central ap fèt madi, 18 oktòb 6:00-8:30 diswa nan Lekòl Mwayen Miami Edison, 6101 N.W. 2 Avenue, Miami, FL 33127. Reyinyon sa yo eta a mande e finanse fè pati kondisyon pou yon dispans ki pèmèt distri a jere de lekòl segondè sa yo ki nan kondisyon entèvansyon pou yon lòt ane.

Lekòl Leta Miami Dade County ak Depatman Edikasyon Florid met tèt ansanm pou fè reyinyon sa yo kòm yon fason pou eksplore opsyon pou amelyore ansyèman elèv nan de lekòl segondè yo.  Objektif reyinyon yo se pou angaje kominote a nan yon gran kad solisyon posib ki nan pi bon enterè kominote lekòl yo.  Reyinyon yo tou pral revize modèl yo rekonèt nasyonalman e entènasyonalman nan ogmante pèfòmans elèv.

Premye reyinyon an ap gen ladan prezantatè motivasyonèl Manuel Scott, yo te rakonte istwa enspirasyonèl li nan film Hollywood, Freedom Writers (Ekriven Libète).

Y ap sèvi bwat dine sosyal, e y ap bay sèvis swen timoun, transpòtasyon ak prim nan pòt la.

Dezyèm reyinyon an ap fèt nan Lekòl Segondè Central 8 novanm e twazyèm reyinyon an ap fèt nan Lekòl Segondè Miami Edison 14 desanm.

 

###

011-JJS/195/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès