|
350 lidè biznis ak kominotè Miami-Dade
|
|
Dejne Lansman Direktè pou Yon Jounen |
KILÈ: |
Madi 1ye novanm 2011
8è - 10è dimaten
|
KI KOTE: |
Jungle Island
1111 Parrot Jungle Trail
Miami, Florida 33132
|
POUKISA: |
“Principal for a Day (PFAD)” (Direktè pou yon Jounen) fè pati pwogram patnè Lekòl Leta Miami-Dade yo depi plis pase 15 ane. PFAD konsantre sou devlope patenarya ki sipòte lekòl nou yo e ki ankouraje kominote a pou li pran yon wòl lidè nan edikasyon piblik. Dejne a ofri direktè ak lidè biznis opòtinite pou yo prepare yo pou jounen sèvis yo nan mèkredi 16 novanm 2011. Y ap fè evènman sa a avèk sipò Bank of America e nan patenarya avèk “THE COALITION of Miami-Dade County Chambers of Commerce” (Kowalisyon Chanm Komès Miami-Dade County.
|
KONTAK: |
Arlene Martinez, Biwo Sèvis Kominotè, nan 305-995-1265 oubyen asmartinez@dadeschools.net. |