POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 oktòb 2011         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL ELEMANTÈ SWEETWATER AP FÈ DEDIKAS ‘GUNNER’, CHYEN CHAS FONDASYON JIMMY RYCE LABAY VIL SWEETWATER

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho; Majistra Sweetwater Manny Maroño; reprezantan Fondasyon Jimmy Ryce; Ofisye Polis Sweetwater Jenna Mendez; Ofisye Cherif Palm Beach Lewis Ledbetter ak chyen, “Clue;” Ofisye Cherif Broward Kevin Bowling ak chyen, “Lucy;” Ofisye Polis Jupiter Chad Norman ak chyen, “Sherlock;” Polis Lekòl Miami-Dade; e elèv ak pwofesè ki soti nan Lekòl Elemantè Sweetwater

KISA:

Fondasyon Jimmy Ryce ap fè Dekikasyon “Gunner”, chyen chas li Bay Vil Sweetwater a

KILÈ: 

Lendi 24 oktòb 2011
8:30 dimaten

KI KOTE: 

Sweetwater Elementary School
10655 S.W. 4th St.
Sweetwater, FL  33174   

POUKISA:

Gunner, yon chyen chas nwa e bwonze ki gen 5 mwa, te fèt an me dènye e yo te bay Vil Sweetwater li ann out la. Li menm ak moun ki gade li a, Ofisye Polis Sweetwater Jenna Mendez ap resevwa antrènman avèk Ofisye Cherif Palm Beach Lewis Ledbetter. Gunner ap prepare pou l kòmanse travay nan apeprè yon ane. Chyen chas gen bonjan sans pou pran sant e yo kapab detekte moun ki pèdi. Aprè antrènman li, polis ap ka itilize Gunner pou jwenn timoun ak granmoun ki pèdi, ansanm ak moun ki ap kouri kache poutèt yon krim.  Sweetwater ap ofri sèvis Gunner bay lòt vil ak county ki antoure li, yon fwa li fini nèt ak antrènman an.

 

# # #

11-JS/197/HD/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès