POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 oktòb 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PREZIDAN OBAMA APWENTE EDIKATÈ VETERAN
M-DCPS NAN YON PÒS ADMINISTRATIF KLE

MIAMI – Dtè. Jayne D. Greenberg, Direktè Distri Edikasyon Fizik ak Konesans Debaz sou Sante pou Lekòl Leta Miami-Dade County, se youn nan sis moun Prezidan Barack Obama te nonmen nan pòs administrasyon kle, lendi.  Yo te apwente Greenberg, yon ansyen edikatè, kòm yon manm Konsèy Bon Kondisyon Fizik, Espò, ak Nitrisyon Prezidan an.

Anvan sa, Greenberg te sèvi kòm Konseye Espesyal pou Bon Kondisyon Fizik Jèn
nan Konsèy Prezidan an pou Bon Kondisyon Fizik ak Espò Prezidan pou Alyans Florid pou Sante, Edikasyon Fizik, Lwazi, Dans, ak Edikasyon Chofè.  Li asiste Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini nan devlope Pwogram "Mwen Kapab Fè Li', Ou Kapab Fè Li," ki adrese aktivite fizik pou jèn ki gen andikap.

Prezidan Obama di "Moun devwe sa yo pote eksperyans rich ak talan nan nouvo wòl yo e mwen fyè pou yo sèvi nan administrasyon sa a …  Mwen ap atann pou m travay avèk yo nan mwa e ane ki ap vini yo."

An 2009, Yo te onore Greenberg ak Prim Gouvènè Florid la ‘‘Point of Light’’ (Pwen Limyè), e yo te apwente li tou nan Konsèy Bon Kondisyon Fizik Gouvènè a nan menm ane sa a.

Asosyasyon Nasyonal Espò ak Edikasyon Fizik te nonmen Greenberg ki gen yon bachelye nan Inivèsite Massachusetts, ak yon metriz e yon doktora nan Inivèsite Entènasyonal Florid, kòm ‘‘2005 National Physical Education Administrator of the Year’’ (Administratè Nasyonal Edikasyon Fizik pou Ane 2005 la), e tou Sekretè Sante ak Sèvis Imen Etazini te prezante li pi gran Prim Rekonesans pou ane 2005 la.

 

###

11-JS/198/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès