|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 24 oktòb 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
PWOGRAM MANJE AK NITRISYON M-DCPS PRAL SELEBRE SEMÈN NASYONAL FÈM-POU-LEKÒL, 24-29 OKTÒB
MIAMI – Depatman Manje ak Nitrisyon Lekòl Leta Miami-Dade County pral selebre Semèn Nasyonal Fèm-pou-Lekòl soti 24 rive 29 oktòb, ki ap kòmanse nan kapital Eta a, Tallahassee, avèk yon prezantasyon espesyal pwogram nan, e nan twa lekòl nan Homestead pandan semèn nan.
Evènman an pral ofri goute pwodui natirèl ki grandi nan Florid, prezantasyon edikasyonèl, ak yon makèt fèmye pou lekòl yo. Pwogram Fèm-pou-Lekòl konekte lekòl yo ak fèmye lokal nan objektif pou yo sèvi manje ki bon pou lasante nan kafeterya lekòl yo pandan yo ap amelyore nitrisyon pou elèv, nan ofri yo opòtinite edikasyonèl sou agrikilti, sante ak nitrisyon, e sipòte fèmye lokal ak rejyonal.
Distri lekòl la ap enkòpore fwi ak legim natirèl ki grandi lokalman nan pwogram repa-midi lekòl la depi 2008. Depatman Manje ak Nitrisyon te resevwa yon don nan Sant pou Kontwòl Maladi pou agrandi pwogram sa a nan ane 2010. Aktyèlman, yo ap eseye pwogram nan nan 40 lekòl nan zòn sid county a avèk entansyon pou mete pwodui ki soti nan fèm Homestead yo sou tab. Yo sèvi pwodui natirèl ki grandi nan Florid pou repa-midi ak goute nan tout distri lekòl la. Pwodui y ap sèvi semèn sa a gen ladan: “star fruit” ak joumou ki soti nan Homestead ak pwa vèt e mayi ki soti nan Pahokee.
Ane sa a, evènman yo ap fèt nan jou ak lekòl k ap suiv yo:
• Lendi 24 oktòb, 9:20 dimaten – 2:30 nan aprèmidi, nan Campbell Drive Middle, 900 N.E. 23rd Ave.
• Madi 25 oktòb, 7è dimaten – 12:45 nan aprèmidi nan Homestead Senior High, 2351 S.E. 12th Ave.
• Mèkredi 26 oktòb, 8è dimaten – 3:30 nan aprèmidi nan Campbell Drive K-8, 15790 S.W. 307th St.
Yo ap distribye pwodui Fèm-pou-Lekòl tou nan tout 370 lekòl yo pou manje repa-midi e kòm goute nan 50 lekòl ki patisipe nan Pwogram Goute Fwi ak Legim Natirèl USDA.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Carol Chong, Direktris Jesyon Manje ak Meni, Depatman Manje ak Nitrisyon, nan 786-275-0446 oubyen atravè lèt elektwonik cchong2@dadeschools.net.
###
11-JS/201/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |