|
***DIFIZYON FOTO *** “Direktè pou yon Jounen” ap akeyi elèv “Primary Learning Center” ki lokalize nan bilding Komisyon Konsèy Lekòl la anba lavil Miami (adwat) Maria Alonso, Vis Prezidan Kad Siperyè Bank of America e agoch li Dtè. Marisel Elias-Miranda. Direktè pou yon Jounen posib ak sipò Bank of America e an patenarya ak THE COALITION of Miami-Dade County Chambers of Commerce. “Direktè pou yon Jounen” Kim Stone (agoch), yon Manadjè JeneraL pou American Airlines Arena e Vis Prezidan “The Heat Group”, ak Melanie Fishman (adwat), Direktè Lekòl Elemantè South Pointe ak elèv yo pandan y ap monte yon bis pou ale nan yon pwomnad. “Direktè pou yon Jounen” Richard Martinez, ki soti nan Biwo Avoka Richard Martinez, chita sou biwo direktè a, ak Asistan Direktè Jacqueline Lewis nan Lekòl Elemantè Orchard Villa nan Liberty City. Plis pase 375 lidè biznis ak sivik nan Miami-Dade County pran yon poz nan responsablite jounalye yo pou aprann kisa sa vle di dirije yon lekòl leta nan county a ki fè pati nan pwogram Direktè pou yon Jounen Lekòl Leta Miami-Dade County Public Schools. Marilynn Philogene (agoch) nan Lekòl Mwayen Brownsville pandan yon vizit nan estidyo transmisyon magnèt ar avèk “Direktè pou yon Jounen” Alex Concepcion (nan mitan), Manadjè Kad Siperyè Operasyon Videyo nan Telemundo Digital Media ak George Bethune (adwat). Objektif pwogram nan se pou fè eksperyans jounen lidè yo tounen yon eksperyans ki dire lontan e pou devlope yon patenarya aktif ak lekòl yo, pou amelyore siksè jeneral elèv ki ap abouti a yon mendèv solid, e pi byen edike.
### 11/JS/202/GC/SD
|