POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 27 oktòb 2011       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

REYINYON KOMINOTÈ KONSÈNAN PLAN POU REDIVIZE
POU ZÒN REZIDANS MANM KOMISYON KONSÈY LEKÒL YO

KIYÈS: 

Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo, ofisyèl distri yo, ak sitwayen ki enterese

KISA:
Reyinyon Kominotè
KILÈ: 

Mèkredi 2 novanm 2011
6 – 7è nan diswa

Y ap televize reyinyon an andirèk sou WLRN Chanèl 17.

KI KOTE: 

School Board Administration Building, Auditorium
1450 N.E. 2nd Avenue
Miami, Florida 33132  

POUKISA:

Pou prezante Plan pou Redivize Distri a pou zòn rezidans Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo baze sou Resansman “2010 U.S. Decennial Census’’ (Resansman deseni 2010 Etazini). Daprè seksyon 1001.36 Lwa Florid, ki mande pou Komisyon Konsèy Lekòl la mete ajou limit zòn rezidans yo pou satisfè demand federal, eta ak lokal yo.  Y ap fè yon Reyinyon Kominotè piblik pou  bay enfòmasyon e resevwa ide piblik la konsènan pwosesis redivizyon lokal sa a. 

KONTAKTE:

Pou plis enfòmasyon, kontakte ‘‘Citizen Information Center’’ (Sant Enfòmasyon Sitwayen) nan 305-995-1128.  Voye kesyon e/oubyen kòmantè w yo nan Redistricting@dadeschools.net.

# # #

011-JJS/205/VVL/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès