POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 novanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ANONSE SERI KONFERANS JAMES OTIS YO NAN KANPOUS NÒ MDC

MIAMI – Seksyon Miami “American Board of Trial Advocates (ABOTA)” (Komisyon Ameriken pou Avoka Estajye), an kolaborasyon avèk Lekòl Leta Miami-Dade County ak (Miami Dade College (MDC) – North Campus” (Kolèj Miami Dade – Kanpous Nò), ap patwone Seri Konferans James Otis pou 300 elèv segondè nan edikasyon sou dwa madi 8 novanm, kòmanse 9è dimaten pou midi nan Lehman Theatre ki nan Kanpous Nò MDC a.  Adrès la se 11380 N.W. 27th Ave., 5000 Building, Miami, FL 33167.  Pwogram nan ap konsantre sou Konstitisyon Etazini.

Konferans yo pote non James Otis Jr., yon patriyòt e youn nan avoka ki te gen plis enfliyans nan kòmansman epòk kolonyal ann Amerik.  Seri konferans yo pral ofri elèv opòtinite pou yo tande prezantasyon Jij Ivan Fernandez nan Tribinal Apèl Twazyèm Distri ak Jij Distri Miami-Dade William Thomas.

Tod Aronovitz, Esq., Chèmann Seri Konferans James Otis ABOTA yo e ansyen prezidan Bawo Florid, pral mennen yon diskisyon sou Premye Amandman an e kòman li afekte lavi chak jou.

ABOTA te kreye seri konferans yo pou edike e enspire elèv atravè peyi a pou yo konnen e respekte Konstitisyon an.  An 1761, Otis te yon defansè-jeneral ki te plede devan Wa Angletè a kont ilegalite fouy kay ak biznis avèk yon deklarasyon ki selèb kounye a: “Kay yon moun se fòtrès li.”  Li te konbat lwa ki opresif e deba li yo te poze fondasyon pou Katriyèm Amandman “Bill of Rights” (Rezime Konstitisyon Etazini), ki pwoteje moun kont fouy ak konfiskasyon, ansanm ak demand pou tribinal otorize kèlkeswa manda e ki jistifyab ak evidans.

 

###

11-JS/207/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès