POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 8 novanm 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ASOSYASYON EDIKASYON AR NAN FLORID NONMEN SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO SIPÈENTANDAN POU ANE 2011

ST. PETERSBURG, FLA. – “Florida Art Education Association (FAEA)” (Asosyasyon Edikasyon Ar nan Florid) nonmen Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho nan seremoni dejene prim yo a samdi dènye nan St. Petersburg, Fla.

Sipèentandan Carvalho di, “Se yon kokenn chenn onè mwen pataje avèk anpil moun nan Lekòl Leta Miami-Dade County... Komisyon Konsèy Lekòl la avèk Distri a fè yon gwo efò tèt ansanm pou yo kenbe pwogram edikasyon ar yo. Timoun reyèlman pwofite lè yo ekspoze a ar.”

Yo te onore tou, twa edikatè Miami-Dade:  Direktè Lekòl Mwayen Norland Eugene Butler, Jr., Linda Mangual, yon pwofesè ar ak edikatè antèt mize nan Lekòl Elemantè Dtè. Carlos J. Finlay, ak veteran edikatè ar pou 32 ane Linda Stern nan Lekòl Mwayen Jose Martí.

Yo te chwazi Butler nan Direktè/Administratè pou ane 2011 FAEA a. Yo te chwazi Mangual pou Prim Sèvis Distenge FAEA pou Ane 2011, e yo te onore Stern avèk Prim Edikatè Ar Nivo Lekòl Mwayen Ekselan FAEA pou Ane 2011.

FAEA prezante prim anyèl pou rekonèt manm endividyèl ki akonpli pi gwo nivo pwofesyonalis nan edikasyon ar, e pou montre apresyasyon pou endividi oubyen òganizasyon ki kontribye sèvis yo nan yon fason ki egzanplè pou asosyasyon an e ki pataje objektif pwofesyonèl yo.

 

###

11-JS/208/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès