|
M-DCPS REKONÈT PÈFÒMANS MEYÈ DIREKTÈ AK ASISTAN DIREKTÈ Lekòl Leta Miami-Dade County te rekonèt direktè ak asistan direktè ekselan nan yon seremoni peman daprè pèfòmans ki te fèt 2 novanm nan oditoryòm Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl nan lavil Miami. Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho te felisite meyè administratè yo pou akonplisman yo nan ogmantasyon siksè elèv e pou devouman yo ak kantite tan sèvis yo bay. Carvalho di, “Moun sa yo se moun ki te sibi rediksyon aprè rediksyon nan salè yo. Yo travay anpil lè anplis san plenyen... Li lè pou nou rekonpanse yo pou devouman yo nan sipò yo bay pou siksè elèv.” Miami-Dade se deja premye distri lekòl nan eta a ki rekonpanse pwofesè pou pèfòmans yo daprè “Race to the Top (RTTT)” (Kous pou Antèt). Eta a pa mande distri lekòl yo plan peman daprè pèfòmans jiska 2014. Sepandan M-DCPS te kapab akonpli objektif sa a gras a sipò sendika pwofesè yo ak manm Komisyon Konsèy Lekòl ki fèmeman kenbe angajman yo pou salklas lokal yo. Fwa sa a, sistèm lekòl la te kapab ofri sipò finansye a kèk administratè ki dirije e enspire pwofesè pou yo akonpli objektif edike elèv. Finansman pou plan peman daprè pèfòmans jiska $14 milyon ane sa a, te soti nan yon don RTTT Depatman Edikasyon Etazini. Carvalho te prezide Gwoup Travay Gouvènè a ki te devlope yon memorandòm konpreyansyon ak bonjan aplikasyon ki te pèmèt Florid resevwa plis pase $700 milyon nan fon RTTT, ki egal a $350 milyon pou distri lekòl yo atravè eta a. ### 11-JS/209/GC/RL
|