|
M-DCPS, BANK OF AMERICA AP FÈ PWOGRAM ‘DIREKTÈ POU YON JOUNEN’, MIAMI – Mèkredi 16 novanm, plis pase 375 lidè biznis ak sivik Miami-Dade County pral kite responsablite jounalye yo pou yo ale nan biwo direktè a, kote yo pral aprann kisa sa mande pou dirije lekòl leta county a kòm yon pati pwogram ‘Direktè pou yon Jounen’ Lekòl Leta Miami-Dade County. Objektif pwogram nan se pou fè eksperyans yon jounen lidè yo, tounen yon patenarya aktif, alontèm avèk lekòl yo, nan amelyore akonplisman jeneral elèv e ki pral bay kòm rezilta, yon mendèv ki pi solid, pi edike. Direktè pou yon Jounen posib avèk sipò Bank of America e an patenarya avèk “THE COALITION” (KOWALISYON) Chanm Kòmès Miami-Dade County. # # # 11-JS/211/GC/RL |