POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 14 novanm 2011         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

KLAS CHEMEN RAPID POU FÈ SITWAYEN M-DCPS AP KÒMANSE 12 JANVYE AK YON DON $200,000 KI SOTI NAN SÈVIS SITWAYÈNTE, IMIGRASYON ETAZINI


“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa $200,000 don dezan ankò, pou Klas Chemen Rapid pou Fè w Sitwayen nan Sant Edikasyon Adilt ki ofri asistans ak aplikasyon natiralizasyon e enstriksyon sitwayènte entansif ki ap vize “lawful permanent residents (LPR)” (rezidan pèmanan legal).  Bous la fè pati “U.S. Citizenship and Immigration Services’ (USCIS)” (Sèvis Imigrasyon, Sitwayènte Etazini) “Fiscal Year (FY)” (Ane Fiskal) 2011 la Pwogram Sitwayènte e Don Entegral.

Pwogram Klas Chemen Rapid pou Fè w Sitwayen pral sèvi apeprè 400 patisipan atravè seksyon preparasyon edikasyon sitwayènte ak aplikasyon natiralizasyon. Klas yo tou ap ede LPR yo pou amelyore ladrès pale Anglè ak konesans sou istwa Etazini ak gouvènman an pandan yo ap prepare pou sitwayènte.

Yo ap ofri klas yo nan sèt lekòl atravè Distri a:

North Miami Adult Center, 13110 N.E. 8th Ave., Miami, 33161, 305-981-6774
Hialeah Adult Education Center, 251 East 47th St., Hialeah, 33013, 305-822-1500
Hialeah-Miami Lakes Adult Center, 7977 West 12th Ave., Hialeah, 33014, 305-822-1500
Miami Jackson Adult Center, 1751 N.W. 36th St., Miami, 33142, 305-634-2621
Ruben Dario Middle School, 350 N.W. 97th Ave., Miami, 33172, 305-226-0179
Miami Coral Park Adult Center, 8865 S.W. 16th St., Miami, 33165, 305-226-6565
Miami Sunset Adult Center, 13125 S.W. 72nd St., Miami, 33183, 305-385-4255

Chèche konnen plis sou “Fast Track to Citizenship program” (pwogram Chemen Rapid pou Fè w Sitwayen), rele 305.579.0340 oubyen vizite http://adultesolprogram.dadeschools.net/  <http://adultesolprogram.dadeschools.net/> . Pou enfòmasyon adisyonèl sou Pwogram Don Sitwayènte ak Entegrasyon FY 2011 la, silvouplè gade http://www.uscis.gov/grants <http://www.uscis.gov/grants>

###

11/JS/214/HD/CF

Retounen sou Nòt pou Laprès